Accessibility links

Breaking News

Lejann Baskètbòl Ameriken Bill Russell Mouri a Laj 88 an


Lejann baskètbòl Ameriken Bill Russell, chanpyon NBA ak ekip Boston Celtics 11 fwa mouri dimanch a laj 88 an. Se sou Twitter ke fanmi l te anonse nouvel lanmò lejand lan.

"Bill Russell, jwè ki pi "pwolifik"nan istwa espò Ameriken an, te mouri nan lapè jodi a a laj de 88 an, e madanm li Jeannine te bò kabann li," se mesaj sa fanmi lejand lan te a pibliye.

Nan NBA a yo te konsidere Russel kòm youn nan pi gwo jwè nan istwa baskètbòl.

Ansyen Prezidan Barack Obama, ki se yon gran fanatik basketbol te reyaji sou kont Twitter ofisyel li:

"Bill se yon nèg ki te wo anpil, men eritaj li kite dèyè pi wo toujou - antanke jwè e antanke pèsonaj," Obama ekri.

XS
SM
MD
LG