Accessibility links

Breaking News

Negosyasyon Eleksyon yo ap Kontinye nan Kot Divwa


Premye Minis Kenya a Raila Odinga a goch ak Premye Minis Kot Divwa a Gilbert Ake
Premye Minis Kenya a Raila Odinga a goch ak Premye Minis Kot Divwa a Gilbert Ake

Premye Minis Kenya a, Raila Odinga gen pou l retounen nan Kot Divwar nan kad efò k ap fèt pou jwenn yon antant ant prezidan sòtan Kot Divwar la, Laurent Gbagbo ak gayan eleksyon prezidansyèl yo Nasyonzini rekonèt, Alassane Ouattara.

Lendi 10 janvye 2011 la, otorite nan Nasyonzini yo di Mesye Ouattara kominote entènasyonal la rekonét kòm gayan eleksyon prezidansyèl mwa d novanm nan ta fòme yon gouvènman inite ak manm pati prezidan sòtan an Laurent Gbagbo, si msye Gbagbo kite pouvwa a.

XS
SM
MD
LG