Accessibility links

Breaking News

Nasyonzini Kondane Vyolans Nan Kyrgyzstan


Yon Ouzbèk de men nan tèt kanpe devan restan kay li ke manifestan Kyrgyz yo boule rapyetè
Yon Ouzbèk de men nan tèt kanpe devan restan kay li ke manifestan Kyrgyz yo boule rapyetè

Konsèy Sekirite Nasyonzini an kondane vyolans kap kontinye nan pati sid Kyrgyzstan lendi 14 jen 2010 ki sòt ' pase a e li ankouraje pati konsène yo pèmèt lalwa ak lòd retounen nan peyi a e pou yo jwenn yon solisyon pasifik pou mezantant yo. Zak vyolans yo gen tan fòse apeprè 275.000 moun abandonnen kay yo.

Pòtpawòl ajans refijye Nasyonzini an, Andrej Mahecic, fè konnen toutotan lapè ak lòd pa retabli, plis moun pral kouri kite kay yo, oubyen plis moun pral pran refij nan peyi vwazen Ouzbekistan. Mesye Mahecic di li choke devan vyolans ki eklate jedi pase nan Kyrgyzstane kap vale-teren depi dat la.

Otorite kyrgyz yo di manifestasyon sa yo, ki vize moun ras Ouzbèk yo, pran lavi omwen 170 moun e blese 1700 lòt nan zòn tankou Osh ak Jalalabad.Men ofisyèl Lakwa Wouj yo di kantite moun ki mouri yo pi wo pase 170.

Anbasadè Meksiken nan Konsèy Sekirite a, Claude Heller —ki se prezidan Konsèy 15 manb la mwa sa a—fè konnen kòlèg li yo apiye efò Nasyonzini ap deplwaye nan Kyrgyzstan ak efò ki sou pye pou l' delivre asistans imanitè dijans nan rejyon an.

Byen bonè lendi 14 jen an, Òganizasyon trete sekirite kolektiv Larusi ap dirije a, te fè konnen nan yon rankont dijans ki fèt nan Moskou, li pa ekate posibilite yon entèvansyon militè peyi li pou mete yon fren nan vyolans k' ap dewoule nan pati sid Kyrgyzstan an.

XS
SM
MD
LG