Accessibility links

Breaking News

Nasyon Zini, OEA ak Etazini Kondane Vyolans Dimanch 23 Fevriye yo ann Ayiti


Yon polisye an sivil pandan lese frape sou Channmas ant polisye ak militè ayisyen yo. 23 fevriye 2020. (Matiado Vilme/VOA Creole)
Yon polisye an sivil pandan lese frape sou Channmas ant polisye ak militè ayisyen yo. 23 fevriye 2020. (Matiado Vilme/VOA Creole)

Biwo Entegre Nasyon Zini ann Ayiti (BINUH) eksprime kè sote l pou sitiyasyon grav ki pase dimanch 23 fevriye a nan kapital la Pòtoprens kote 2 moun mouri ak plizyè lòt blese pandan yon manifestasyon vyolan ant moun ki idantifye tèt yo kòm polisye ak manm fòs ame Dayiti. BINUH kondane itilizasyon vyolans kòm mwayen revandikasyon. Nasyon Zini lanse apèl bay tout sektè nan vi nasyonal la an patikilye manm polis nasyonal la k ap revandike meyè kondisyon travay ak dwa pou mete sou pye yon sendika nan enstitisyon an.

Peyi Etazini kondane vyolans ki sot pase nan peyi Dayiti epi mande ayisyen yo pou yo rejte vyolans lan epi pou yo respekte eta de dwa a. "Nou ankouraje tout Ayisyen yo pou fè yon dyalòg konstriktif pou rezoud diferans yo," dapre yon mesaj anbasad la mete sou rezo sosyal Twitter.

Sekretè jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo Luis Almagro pibliye yon nòt sou kont Twitter l pou l voye kondoleyans li bay fanmi viktim zak vyolans ki te genyen dimanch 23 fevriye a nan Pòtoprens. Responsab la plede pou peyi a jwenn solisyon li bezwen an nan lapè, sispann vyolans yo ki pa akseptab sou kèlkeswa fòm nan. Nimewo 1 òganizasyon rejyonal la pale de nesesite pou gen dyalòg, estabilite, fòmasyon yon gouvènman,òganizasyon eleksyon palmantè yon fwa li posib teknikman.

XS
SM
MD
LG