Sekretè d'Eta Ameriken Antony Blinken lanse avètisman bay yon gwoup klandesten Ris ki gen koneksyon ak Kremlen an pou'l sispann minnen jefò kap fèt pou retabli demokrasi nan peyi Mali, yon peyi ki sitye nan rejyon wès l'Afrik.
Diplomat pi wo plase Etazini an sot mete fen nan yon vizit li te fè pandan yon semèn ann Afrik, kote li te vizite 3 peyi.
Pandan sejou li nan Senegal, ki se dènye etap vizit li a, Blinken te bay yon konferans pou laprès Samdi 20 Novanm nan kote li deklare se tap "malere" si Gwoup Wagner Risi a te kòmanse aktivite nan Mali, kote ki gen plan pou yon gouvènman demokratikman eli monte sou pouvwa a nan mwad Avril la. Blinken di kominote entènasyonal la apiye gouvènman sa a.
Mèsenè Gwoup Wagner yo deplaye nan la Siri ak Libi, e sa bay l'Oksidan ak plizyè lòt peyi gwo kè sote.