Accessibility links

Breaking News

Blinken Pral Vizite Kenya, Nijerya ak Senegal


Antony Blinken lors d'une conférence au département d'État, le 10 novembre 2021.
Antony Blinken lors d'une conférence au département d'État, le 10 novembre 2021.

Antony Blinken, Sekretè Deta Ameriken an pral vizite Kenya, Nijerya ak Senegal semèn pwochèn, kote li pral diskite sou ki jan yo ka mete fen nan pandemi COVID-19 la epi abòde kesyon soun chanjman klimatik.

Ned Price, pòtpawòl Depatman d'Eta deklare ke Sekretè Blinken pral rankontre ak prezidan chak nan peyi sa yo pou "avanse kolaborasyon ant Etazini ak peyi Afriken yo.

Gen anpil sijè ki planifye pou debat pandan reyinyon sa yo tankou jan yo ka mete fen nan pandemi COVID-19 a la, ak abòde kesyon sou chanjman klimatik la, demokrasi, pwomosyon pou lapè ak sekirite. Vwayaj sila a pwograme pou 6 jou, soti nan Lendi pou rive Samdi.

XS
SM
MD
LG