Accessibility links

Breaking News

Yon Fon pou Ede nan Katastwòf Imanitè ak Ekonomik Pral Ede Afganistan

Pakistani Foreign Minister Shah Mahmood Qureshi, center, welcomes guests for the extraordinary session of Organization of Islamic Cooperation (OIC) Council of Foreign Ministers, in Islamabad, Dec. 19, 2021.

Yon konferans ann ijans Òganizasyon Kowoperasyon Islamik la ki gen 57 nasyon jwenn yon antant ayè dimanch-la pou tabli yon fon imanitè pou ede nan katastwòf imanitè ak ekonomik k-ap devlope nan Afganistan-an.

Gen plizyè milyon moun ap fè fas ak grangou e yon afè 1 milyon timoun an danje pou yo mouri ak malnitrisyon sevè.

Fon-an ke yo vle depoze nan Bank Devlopman Islamik-la ta voye sekou bay moun Afganistan nan tèt kole ak lòt patnè entènasyonal, se sa ki di nan yon deklarasyon final ki gen siyati manm yo nan konferans la ki te dewoule nan Pakistan. Li te gen delege ki soti nan Etazini, LaChin, LaRusi, Inyon Ewòp-la ak Nasyon Zini.

Taliban acting foreign minister Amir Khan Muttaqi, center, arrives for the extraordinary session of Organization of Islamic Cooperation (OIC) Council of Foreign Ministers, in Islamabad, Dec. 19, 2021.

Se pi gwo rasanbleman entènasyonal ki fèt pou ede Afganistan depi Taliban te sezi pouvwa-a nan men gouvènman loksidan te apiye-a nan mwa d'Aout pase, apre twoup militè etranje ki te gen Etazini nan tèt-yo te kite peyi-a e mete fen nan yon gè ki te dire 20 lane.

XS
SM
MD
LG