Accessibility links

Breaking News

Mouvman Rebelyon an Kontinye nan Libi - Khadafi di li pap Kite Pouvwa a


Mouvman Rebelyon an Kontinye nan Libi - Khadafi di li pap Kite Pouvwa a
Mouvman Rebelyon an Kontinye nan Libi - Khadafi di li pap Kite Pouvwa a

Nan peyi Libi, temwen nan kapital la, Tripoli, fè konnen moun mete dife nan pliyzè biwo leta nan moman militan opozisyon an ap goumen ak fòs sekirite yo e ak patizan gouvènman an nan sa k sanble ak yon gwo ranfòsman yon mouvman leve-kanpe popilè kont Prezidan Moammar Ghadhafi.

Daprè menm sous la, moun kapab wè gwo dife kap sòti nan divès edifis piblik lendi 21 fevriye 2011 la e dife sa a te kòmanse nan Tripoli byen ta dimanch 20 fevriye 2011 la lè manifestan anti-gouvènmantal yo t ap eseye pran kontwòl sant kapital la nan men patizan Ghadafi yo.

Temwen kontinye pou di lapolis tire kout-gaz lakrimojèn pou gaye manifestan yo. Menm yè dimanch la, yon pitit-gason Prezidan Ghadafi, Saif Al-Islam, te pale nan televizyon e li ensiste pou l di ke papa l toujou gen kontwòl peyi a, avèk apui lame, pandan l ap fè fas ak pi gwo rebelyon anti-gouvènmantal depi li te pran pouvwa a nan yon kou-deta an 1969.

Saif Al-Islam Ghadafi fè sèman gouvènman an pral batay pou l kenbe pouvwa a, jiskaske dènye gason an ak dènye fanm nan tonbe, juska dènye kout-fizi a.

XS
SM
MD
LG