Accessibility links

Breaking News

Mouvman Leve-Kanpe nan Libi


Mouvman Leve-Kanpe nan Libi
Mouvman Leve-Kanpe nan Libi

Nan peyi Libi, plizyè santèn sitwayen òganize manifestasyon anti-gouvènmantal nan 2èm pi gwo vil peyi a, Benghazi, kote yo t ap chante slogan ki denonse lidè libyen yo pandan yo t ap batay ak lapolis.

Daprè temwen ak laprès prive, manifestan yo te rasanble byen ta madi 15 fevriye 2011 la e yo deja rasanble mèkredi 16 fevriye 2011 la tou pre yon lokal lapolis nan Benghazi, kote, pou kòmanse, yo t ap reklame liberasyon yon avoka ki pa konn mete dlo nan bouch li pou l kritike gouvènman an.

Laprès peyi a fè konnen otorite yo libere avoka a, men foul manifestan yo vinn ogmante e yo pran chante slogan anti-gouvènmantal.

XS
SM
MD
LG