Accessibility links

Breaking News

Minis Franse Olivier Veran Di Li Pap Peye pou Koch Ble Twitter la


Foto Achiv: Potpawol gouvenman Franse a, Olivier Veran, pandan yon konferans pou lapres nan Pale Elysee a, nan Paris, La Frans, 31 Out, 2022.
Foto Achiv: Potpawol gouvenman Franse a, Olivier Veran, pandan yon konferans pou lapres nan Pale Elysee a, nan Paris, La Frans, 31 Out, 2022.

Minis Franse ak pòtpawòl gouvenman an, Olivier Veran deklare Dimanch, li pap peye $7.99 pa mwa pou koch ble Twitter la. Li di li gen anpil kè sote pou anbisyon nouvo pwopriyete rezo sosyal la, Elon Musk.

Twitter fè yon miz a jou app li a nan App Store Apple le Samdi, pou l kòmanse chaje moun ki gen koch ble sou kont yo. Se premye gwo chanjman ki fèt depi Musk pran kontwòl rezo sosyal la apre yon antant ki vo $44 milya 28 Oktòb pase a.

Twitter di moun ki "abone kounyela a" pral resevwa yon koch ble bò kote non yo "menm jan ak selebrite, konpayi ak politisyen ou deja swiv yo."

Eben youn nan politisyen sa yo deklare li pap peye.

Veran di televizyon France 3: "Mwen envite yo desètifye kont mwen san pèdi tan si yo kwè se yon bagay moun dwe kòmanse peye pou li kounyea."

XS
SM
MD
LG