Accessibility links

Breaking News

Microsoft Rapòte Pwoblèm ak Teams, Outlook, Lòt Sèvis


Foto Achiv: Moun pase devan biwo Microsoft la nan Nouyok, 10 Nov. 2016.
Foto Achiv: Moun pase devan biwo Microsoft la nan Nouyok, 10 Nov. 2016.

Microsoft di li konstate kèk amelyorasyon nan sèvis entènèt li yo pami yo -- platfòm Teams la epi imel Outlook la ap itilizatè toupatou nan mond lan rapòte pwoblèm.

Nan yon mesaj li pibliye sou stati sèvis li yo, konpayi tech la di gen yon "degradasyon sèvis" pou moun ki sèvi ak sèvis Microsoft 365 yo.

Plizyè milye itilizatè te rapòte pwoblèm Mèkredi Maten ak Teams, Outlook, Azure epi XBox Live.

Men pi ta nan maten an Microsoft te rapòte yon gwo amelyorasyon. Pat gen otan moun ki tap plenyen.

Konpayi a pibliye yon mesaj sou Twitter kote li di yon chanjman yo fè nan rezo a te koze pwoblèm nan e ke yo deside anile chanjman sa a. Apre sa itilizatè yo te rapòte gwo amelyorasyon.

XS
SM
MD
LG