Accessibility links

Breaking News

Medsen San Fwontyè Sispann Tretman nan Lopital Tabarre Pòtoprens la


Foto Achiv: Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.
Foto Achiv: Yon anbilans rive nan yon lopital Medecins Sans Frontieres (MSF) nan Potoprens, Ayiti, 4 Oktob 2022.

Medsen San Fwontyè anonse Vandredi li sispann tretman nan youn nan lopital li yo an Ayiti apre yon gwoup 20 nèg ak zam debake nan yon sal operasyon epi pran yon pasyan.

Ensidan an rive 6 Jiyè nan aswè nan lopital Tabarre la nan Potoprens, yon ti tan apre pasyan an te rive lopital la pou resevwa tretman pou bal li te pran.

Oganizasyon an di gen 2 nèg ki fè komsi yo gen yon ijans medikal pou yo te ka antre nan lopital la, epi apre sa gwoup ame a te anvayi espas la apre ke baryè a te louvri.

MSF di nan yon deklarasyon li pibliye: " Zak vyolans sa a se yon gwo chok pou anplwaye medikal ki goumen pou sove lavi moun chak jou. Yo choke pa mepri gwoup ame yo montre vizavi anplwaye yo tou.

Anons la vini nan moman asasina ak zak vyolans ak zam ogmante anpil nan Potoprens, kote gang ame yo ap goumen pou pran kontwol plis teritwa apre asasina Prezidan Jovenel Moise, 7 Jiyè, 2021.

Ensekirite a ki ogmante an Ayiti, lakoz Medsen San Fwontyè te oblije pran aksyon konsa plizyè fwa pandan ane ki pase yo.


Nan mwad Janvye a, MSF te sispann asistans li tap bay yon lopital nan Kafou.

Nan mwad Avril 2022, li te fèmen pwovizwaman yon lot lopital an Ayiti, e nan mwad Jyen 2021, MSF te fèmen tout bon, klinik swen ijans li te genyen nan Matisan, kote zak vyolans gang yo ap fè ravaj.

XS
SM
MD
LG