Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sante: Daprè MSF, Vyolans Mete Malad yo, Aktivite Medikal yo ak Anplwaye yo an Danje


MSF mande pou gwoup oubyen moun ki mele nan zak vyolans an Ayiti yo respekte sekirite travayè lasante yo, malad yo, ekipman medikal yo ak lokal kote li bay swen sante yo; li mande tou yon pasaj sen-e-sòf pou machin lasante yo.                                                                         

Men yon nòt pou laprès ki sòti nan biwo Medsen San Fwontyè nan Pòtoprens, Ayiti.

Pòtoprens, Vandredi 11 Jen 2021

Yon gwo ogmantasyon nan zak vyolans k ap fèt nan kapital Peyi d Ayiti a, Pòtoprens, menase posiblite pou lopital yo ofri piblik la sèvis, daprè sa òganizasyon imanitè entènasyonal Medsen san Fwontyè (MSF) deklare nan jounen vandredi 11 jen 2021 an. MSF lanse avètisman pou l di pwofesyonèl medikal yo pa kapab bay swen sante pandan konfwontasyon ame ap dewoule epi volè ap opere, sa ki afekte lopital yo ak sant sante yo, machin yo, malad yo ak manm pèsonèl la.

Pandan premye semèn mwa jen an, konfwontasyon ki dewoule nan zòn Matisan ak lòt rejyon nan Pòtoprens lakoz anpil moun blese tandiske sa oblije plis pase mil lòt kite kay yo pou y al rete lòt kote; pami moun sa yo gen malad ak manm pèsonèl MSF. Sòti 2 pou rive 4 jen, sant dijans MSF nan Matisan an te resevwa 42 malad ki te gen twou bal sou yo; òganizasyon an te oblije transfere anpil nan yo nan lopital twoma MSF genyen nan zòn Taba a e li ogmante kapasite li ki sòti nan 50 kabann pou l rive 68 kabann.

Alessandra Giudiceandrea, chèf misyon MFS, deklare:

“Nou konstate yon deteryorasyon ekstrèmman enkyetan nan sitiyasyon sekirite a. Kèk konfwontasyon ame dewoule tou pre sant dijans MSF a ak biwo li yo nan Matisan, kote anplwaye yo te oblije chache abrite kò yo pou bal mawon pat pran yo. Kèk endividi ame rale zam sou 2 chofè anbilans MSF pami machin ki t ap sòti Matisan yo. Pou nou pwoteje anplwaye nou yo, nou oblije koupe sou aktivite nou nan Matisan epi santre atansyon nou sou ka kote lavi malad yo menase.”

Medsen San Fwontye fini pa di nan nòt pou laprès la:

MSF gen 30 tan depi l ap ofri swa medikal ki sove lavi moun nan kominote yo an Ayiti; men pou MSF kontinye ofri sèvis sa yo nan nenpòt ki kominote, li dwe kapab garanti sekirite malad yo ak anplwaye yo,lè yo sou wout pou yo ale nan lokal kote li bay swen sante yo e pandan yo nan lokal sa yo. MSF mande pou tout gwoup oubyen moun ki enplike nan ensidan k ap kreye vyolans an Ayiti yo, respekte sekirite travayè lasante yo, malad yo, ekipman medikal yo ak lokal kote li bay swen sante yo, menm jan li mande pou yo ofri yon pasaj sen-e-sòf pou machin lasante yo san yo pa kouri risk pou moun atake yo.

XS
SM
MD
LG