Nan Panama, ansyen diktatè paramilitè, Manuel Noriega, rive nan peyi li aprè li fin pase plis ke 20 tan nan prizon Ozetazini ak nan peyi la Frans.
Noriega t ap dirije Nasyon Amerik Santral la pandan ane 80 yo, lè li te an menm tan sou pewòl Ajans Ransèyman Etazini (CIA).
Yon envazyon Etazini te kapote misye sou pouvwa a nan lane 1989. Aprè li fin prije yon pènn prizon Ozetazini sou akizasyon trafik dwòg yo te estrade Noriega nan peyi la Frans kote li te pase yon bon tan nan prizon pou blanchiman lajan.
Pandan li fin pase plis ke 20 tan an kaptivite aletranje, Panama kondane l pou ansasina advèsè politik li yo, pami yo, Hugo Spadafora ke yo te koupe tèt li nan ane 1985.
Noriega ki gen 77 tan kalifye pou yo plase l nan rezidans siveye akoz laj li. Nouvèl ki soti nan Panama City fè konnen gen yon unite spesyal penitansye-a tou prè kapital-la ke yo déjà prepare pou li.