Accessibility links

Breaking News

Manifestan Ayisyen Boule Avyon yon Gwoup Misyonè


Yon Avyon boule apre manifestan mete dife ladann pandan yon manifestasyon kont zak vyolans ki ogmante nan vil Okay, sid peyi d'Ayiti, Madi 29 Mas, 2022.
Yon Avyon boule apre manifestan mete dife ladann pandan yon manifestasyon kont zak vyolans ki ogmante nan vil Okay, sid peyi d'Ayiti, Madi 29 Mas, 2022.

Manifestan ki tap pwoteste nan vil Okay Madi boule avyon gwoup misyonè Ameriken ki rele Agape Flights, dapre jounalis nan zon nan ak yon pot pawòl Agape.

Manifestan yo antre nan ayeropò Okay la nan sid la malgre lapolis te tire gaz lakrimojèn pou dispèse yo.

"Ekip nou genyen ann Ayiti sen e sof, map fè preparasyon pou yo ka tounen Ozetazini," pòt pawòl Agape Flights, ki gen katye jeneral li nan vil Venice, eta Florid. Gwoup sa a transpote pa avyon kourye ak asistans imanitè pou peyi nan Karayib la.

Moun monte sou yon avyon pandan yon manifestasyon kont enskirite ak zak vyolans nan vil Okay, Ayiti, 29 Mas, 2022.
Moun monte sou yon avyon pandan yon manifestasyon kont enskirite ak zak vyolans nan vil Okay, Ayiti, 29 Mas, 2022.

Òganizasyon an di lap chache plis enfòmasyon sou ensidan an, dapre pòt pawòl la.

Li poko klè poukisa manifestan yo te vize avyon an.

Ensidan an swiv manifestasyon pasifik ki te dewoule nan lot vil peyi d'Ayiti, kote manifestan ak militan te mande gouvènman Premye Minis Ariel Henry a fè plis pou kontre zak vyolans gang yo ak pakèt kidnaping kap rann lavi yo minab.

XS
SM
MD
LG