Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Pran Lari pou Manifeste Kont Ensekirite; Kèk Moun Atake yon Avyon


Manifestan pran lari pou mande gouvenman Premye Minis Ariel Henry fe plis pou kontre zak vyolans gang yo ap komet ak paket kidnaping kap trakase pep la, nan Potoprens, Madi 29 Mas, 2022.
Manifestan pran lari pou mande gouvenman Premye Minis Ariel Henry fe plis pou kontre zak vyolans gang yo ap komet ak paket kidnaping kap trakase pep la, nan Potoprens, Madi 29 Mas, 2022.

Ayisyen pran lari Madi pou pwoteste kont ensekirite a ki ogmante. Nan vil Okay nan sid peyi a manifestasyon an te vinn vyolan apre moun yo te anvayi yon ayewopo lokal epi atake yon ti avyon.

Manifestasyon an kowenside ak 35èm anivèsè Konstitisyon ane 1987 la, e li swiv lot manifestayon ak grèv ki te dewoule pandan semèn ki pase yo nan moman gang yo ogmante kantite moun yap kidnape. Sitwayen yo plenyen tou dèske Premye Minis Ariel Henry enkapab pou'l konfwonte oganizasyon kriminèl yo.

GADE: Korespondan nou Renan Toussaint te sou plas

Manifestan Pòtoprens Pran Lari pou Pwotese kont Ensekirite a
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:39 0:00

Gedeon Chery, yon enspektè Polis Nasyonal la ki sipèvize ayewopo Okay la di moun yo anvayi pis aterisaj la, yo atake yon avyon epi yo mete dife ladann.

Kek nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG