Accessibility links

Breaking News

Ekspè Malezyen Ale ann Ukrèn pou Ankete sou Trajedi Avyon Malaysia Airlines MH17 la


Yon Pati nan debri Boeing 777 Malezi Airliines vòl MH17
Yon Pati nan debri Boeing 777 Malezi Airliines vòl MH17

Minis transpò piblik Malezi a, Liow Tion Lai, fè konnen yo deplwaye nan vil Kièv, Ukrèn, yon ekip 62 espesyalis nan diferan domèn pou ede nan ankèt k ap fèt sou koz akisidan vòl MH 17-avyon liy ayeryèn Malaysia Air lines ki tonbe avèk 298 pasaje ak manm ekipaj abò l jedi 17 jiyè a. Msye Lai di jounalis yo vandredi 18 jiyè a nan vil Kuala Lumpur, kapital Malezi, "desann yon avyon komèsyal, se yon bagay ki pa danse-kole ak dwa entènasyonal." Responsab la kontinye pou l di:" peyi li a byen akeyi apèl moun lanse pou mennen yon ankèt endepandan sou trajedi a."

Minis Transpò Piblik la presize: "Ekip espesyalis la gen ladann: pèsonèl medikal, reprezantan liy ayeryèn Malezi a ak manm lame ayeryèn peyi a." Pifò nan pasaje ki te abò avyon komèsyal Boeing 777 la te soti nan vil Amsterdan, nan Oland, pou ale nan Kuala Lumpur, se te sitwayen olandè, e anpil ladan yo ta pral patisipe nan konferans entènasyonal sou Sida a nan vil Melbourne ann Ostrali.

Antretan nan peyi Ostrali, palman an obsève yon moman silans pou viktim yo, pami yo 28 ostralyen ki peri nan trajedi jedi 17 jiyè a . Minis afè atranjè ostralyen, Julie Bishop, deklare:" Nap reklame yon ankèt entènasyonal konplè e endepandan pou detèmine sikonstans ki lakoz aparèy la tonbe nan pati lès Ukrèn, nan yon zòn ki anba kontwol rebèl ki anfavè Larisi e k ap goumen kont gouvènman ukrenyen an.

Bò kote pa’l, korespondan LavwadLamerik nan Depatman Defans Lèzétazini an di otorite ameriken yo konfime nouvèl ki di se yon misil ki frape avyon an, sepandan yo poko detèmine si se yon misil moun lanse apati Larisi oubyen apati teritwa ukrenyen an.

XS
SM
MD
LG