Accessibility links

Breaking News

Dosye Migrasyon an: Yon Koz Deteryorasyon nan Rapò Franko-Italyen yo?


Prezidan fransè a,Emmanuel Macron avèk Premye Minis italyen an, Giuseppe Conte, ki t ap bay lanmen pandan yop t ap patisipe nan Somè G7 la nan Charlevoix, o Canada, nan dat 9 jen 2018 la.
Prezidan fransè a,Emmanuel Macron avèk Premye Minis italyen an, Giuseppe Conte, ki t ap bay lanmen pandan yop t ap patisipe nan Somè G7 la nan Charlevoix, o Canada, nan dat 9 jen 2018 la.

Tòchon an kontinye boule ant prezidan fransè a, Emmanuel Macron, ak òm politik popilis italyen, Matteo Salvini, ki se Minis Enteryè peyi li. Rezon dirèk mezantant la se desizyon M. Silvani te pran pou l fèmen pò italyen yo dekwapou l te anpeche yon bato-sekou ki te gen migran afriken abò l antre nan peyi a.

Sepandan pa gen anpil moun M. Macron (yon "kosmopoliten") avèk M. Salvini (yon "ikonn nasyonalis" ke anpil obsèvatè konsidere kòm yon "fòs motris" nan nouvo gouvènman kowalisyon an) pral kontinye hing-hang yo a nan mwa k ap vini yo kòmkwa pou yo ta pwolonje yon konkirans sou mannyè pou yo fasone avni Inyon Ewòp la.

Minis Enteryè Italyen an, Matteo Salvini, ki t ap rankontre laprès nan vil Milan, ann Itali, nan dat 19 me 2018 la. (Foto: Achiv)
Minis Enteryè Italyen an, Matteo Salvini, ki t ap rankontre laprès nan vil Milan, ann Itali, nan dat 19 me 2018 la. (Foto: Achiv)

M. Macron ak M. Salvini te etone enkredil yo e yo te defye prensip politik konvansyonèl la pou yo rive kote yo ye jodi a: Youn (Emmanuel Macron) kreye yon mouvman politik santris tandiske lòt la (Matteo Salvini) transfòme Lig Septantriyonal rejyonal la (ekstrèm-dwat) pou fè l tounen yon mouvman leve-kanpe nasyonal.

XS
SM
MD
LG