Accessibility links

Breaking News

Macron Joure Sitwayen Franse ki Refize Vaksinen yo


Foto Achiv: Prezidan Franse Emmanuel Macron nan vil Paris, 9 Dec. 2021.
Foto Achiv: Prezidan Franse Emmanuel Macron nan vil Paris, 9 Dec. 2021.

Prezidan Fransè a Emmanuel Macron pa mete dlo nan bouch li poul kritike gwoup sitwayen ki poko vaksinen kont COVID-19.

Macron deklare moun sa yo "emmerder" peyi a.

Prezidan an pale konsa nan yon entèvyou ak jounal Le Parisien madi swa nan moman kote palmantè yo tap fè deba sou nouvo mezi ki pwal pèmèt sèlman moun ki vaksinen yo jwi yon seri aktivite lwazi tankou pa egzanp al manje nan restoran.

Macron deklare "moun ki pa vaksinen yo, mwen vle anmède nou".

Langaj sa a te okipe gran tit nouvèl yo nan peyi La Frans jodi Mèkredi a.

Macron eksprime dezi li pou'l re-eli nan eleksyon prezidansyèl mwa Avril la. Sepandan li di lap tann pou'l deklare kandidati li ofisyèlman paske li ta renmen konsantre sou kriz kowonaviris la.

XS
SM
MD
LG