Accessibility links

Breaking News

Lidè Unyon Ewòp la ap Prepare Somè G-20 an


Ann Ewòp, lidè yo ap pare pou yo patisipe nan somè G-20 an, swa somè 20 peyi ki genyen pi gwo ekonomi nan lemond yo. Rankont ane sa a pral dewoule semèn pwochèn nan nan vil Cannes, an Frans.

Anvan rankont sa a, dirijan ewopeyen yo rive rezoud yon gwo mezantant yo te genyen sou kriz “ewo” a, yon kriz ki te la depi 2 zan. Yo rive jwenn antant la aprè negosyasyon ki dewoule pandan tout nuit la nan vil Brusèl, nan peyi Bèljik.

Kòm rezilta antant la, bank ewopeyen yo dakò pou yo koupe 50% sou lajan peyi Lagrès dwe yo. Nan yon konferans pou laprès prezidan Unyon Ewòp la, Herman Von Rompuy, bay byen bonè jedi 27 oktòb la, li fè konpliman pou rezilta sa a e li bay detay sou sa antant la prevwa.

Misye Rompuy di:

“Nou remete konfyans nan sektè bankè ewopeyen an. Nou apwouve yon plan kowòdone pou nou remete kapital-lajan nan bank ewopeyèn yo. Nou pral ogmante de 9 pou san rapò kapital/enterè pou envestisman kap fèt nan sistèm bankye nou an. Sa pral pèmèt bank yo absòbe tout gwo chòk ki ka sòti nan sikonstans eksepsyonèl nap viv jounen jodiya."

Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, bò kote pa l, fè konnen akò lidè Unyon Ewòp la jwenn nan se yon repons kredib e ki vize lwen pou kriz dèt Lagrès ap konfwontea --yon kriz ki rive depase lizyè fwontyè peyi sa a pou l gaye nan lòt eta-manm Unyon an.

Prezidan Sarkozy ak chanselye alman an, Angela Merkèl --lidè 2 pi gwo ekonomi sou kontinan ewopeyen an--, pran angajman pou yo vini ak yon solisyon global anvan dwoulman somè G-20 an.

XS
SM
MD
LG