Sekretè Jeneral Oganizasyon Nasyon Zini (lONU), Antinio Guterres, ki t ap bay chèn radio-teledifizyon britanik la, BBC, yon entèvyou nan jounen jedi 30 avril 2020 an, deklare li konsidere kòm “yon trajedi” -- le fèt ke lidè mondyal yo pa rive mete tèt yo ansanm pou yo fè fas ak pandemi KOVID-19 la yon fason kowòdone e òdone. hèf l’ONU di:
“Chak peyi aplike pwòp politik li a pa, yon peyi diferan; chak peyi vini avèk yon apwòch diferan, yon pèspektiv diferan, yon estrateji diferan. Se sa ki lakoz viris la pwopaje jan l pwopaje a.”
Misye Guterres ajoute :
“Sa parèt klè: Nou manke leadership nan lit kont viris la. Nou lanse yon apèl prese-prese bay pi gwo peyi yo nan lemond pou n mande yo mete tèt yo ansanm epi adopte yon sèl e menm estrateji; ansuit se pou yo chache rale dèyè yo totalite kominote entènasyonal la.”
Daprè kalkil Oganizasyon Nasyon Zini, 8% popilasyon mondyal la --swa anviwon 500 milyon moun-- byen kapab oblije viv nan povrete vè fen ane 2020 an akoz devastasyon kowonaviris la ap koze nan lemond.