Accessibility links

Breaking News

Lidè Demokrat-yo Selebre 2 Gwo Viktwa Nan Capitol Hill


FILE - The U.S. Capitol dome is seen on Capitol Hill in Washington, Oct. 27, 2021.
FILE - The U.S. Capitol dome is seen on Capitol Hill in Washington, Oct. 27, 2021.

Pandan Demokrat-yo nan Kongrè Etazini-an pwal nan sa kèk analis prevwa kòm dènye ane kote yo gen kontwòl Kongrè-a ak prezidans la pou epòk kounye-a, li pako klè si Pati-a pwal ka pwofite opòtinite-a pou fè kèk gwo pwojè tounen lwa.

Semèn sa-a, pandan lidè Demokrat-yo t-ap selebre 2 gwo viktwa nan Capitol Hill, 2 manm ki esansyèl nan ti majorite tou mens yo gen nan Sena-a fè konnen yo pwal bloke 2 pi gwo priyorite pati-a nan Kongrè-a.

Congress Budget
Congress Budget

Mèkredi-a, nouvèl te koumanse parèt ke chita-koze ant Mezon Blanch ak Senatè Demokrat Joe Manchin ki reprezante eta Wès Vijini sou pwogram ki pi enpòtan pou Joe Biden nan, ki se Rebati pi Byen ki kouvri depans sosyal ak chanjman klima-a, kidonk san sipò Manchin, mezi-a mèt te bon, men li tou mouri, fas ak opozisyon Repibliken-an nan yon chanm ki divize mwatye-mwatye.

Mèkredi-a tou, Senatè Demokrat eta Arizona Kyrsten Sinema te fè konnen li p-ap sipòte yon efò pou chanje regleman Sena-a pou Demokrat-yo ka pase Lwa sou Libète pou Vote-a, kidonk pwojè-lwa sa-a tou ka nan gwo pwoblèm.

XS
SM
MD
LG