Rebèl yo nan peyi Libi menase pou yo izole kapital la, Tripoli, nan moman yo mete men sou kèk ti vil enpòtan ki o sid e a lwès Tripoli, e yo kòmanse travay pou yo koupe wout k ap mennen apwovizyonnman nan vil la nan kad efò y ap fè pou yo fòse lidè peyi a, Mohammar Khadafi, kite pouvwa a.
Rebèl yo fè konnen yo pran kontwòl Zawiya, yon vil ki sou yon distans 50 kilomèt a lwès kapital la kote misye Khadafi genyen baz li. Konbatan rebèl yo te antre nan Zawiya samdi pase a e konsa yo twouve yo nan pozisyon ki pi pre Tripoli depi fòs gouvènmantal yo te kraze mouvman leve-kanpe a nan premye semèn rebelyon an.