Accessibility links

Breaking News

Libi: Sekouris Jwenn Lese-Pase pou yo Ale Nan vil Misrata


Libi: Sekouris Jwenn Lese-Pase pou yo Ale Nan vil Misrata
Libi: Sekouris Jwenn Lese-Pase pou yo Ale Nan vil Misrata

Nan Libi, otorite Nasyonzini ak ofisyèl Libyen fè konnen yo rive jwenn yon antant pou pèmèt sekouris jwenn lese-pase pou yo ale nan vil Misrata, kote gwo goumen ap dewoule depi kèk jou ; men yo pa gen garanti ke twoup k ap defann rejim Prezidan Mohammar Kadhafi yo pral sispann bonbade posiyon rebèl yo okipe nan zòn-nan.

Stephanie Bunker –yon pòtpawòl l’ONU, ki t ap abòde dosye a lendi 18 avril 2011 la-- fè konnen misye Kadhafi dakò pou l kite yon ekip evalyasyon entènasyonal ale nan Misrata, nan kad yon antant ki pèmèt asistans umanitè antre nan kapital la, Tripoli, ak kèk lòt vil nan Libi.

XS
SM
MD
LG