Nan Siri, Prezidan Bashar al-Assad fè konnen gen sabotè k ap eseye eksplwate apèl lejitim pèp la ap lanse bay gouvènman n nan pou l fè chanjman nan peyi a ; men, daprè li, okenn refòm pap posib si moun ap itilize zak kraze-brize pou yo jwenn refòm sa a.
Nan yon diskou ki pase nan televizyon atravè tout peyi a lendi 20 jen 2011 la, misye Assad deklare pa p janm kapab genyen devlopman nan Siri san estabilite.
Se 3èm gwo mesaj lidè siryen an prezante depi mouvman pwotestasyon anti-gouvènmantal la te kòmanse nan mitan mwa mas pase a.
Anvan Bashar al-Asasd te fè diskou sa a, minis afè etranjè britanil la, William Hague, te lanse apèl ba li pou mande fè refòm oubyen kite pouvwa a.
Misye Hague fè konnen li espere peyi Tiki va fè presyon sou vwazen li, Siri, e fè misye al-Assad konprann l ap pèdi tout lejitimite.