Accessibility links

Breaking News

Leta Ayisyen Sispann Tout Kredi li ak SOGENER pou Sifaktirasyon


Yon santral elektrisite ann Ayiti
Yon santral elektrisite ann Ayiti

Leta ayisyen ekri Bank Nasyonal Repiblik Dayiti (BRH) pou mande l sispann lèt kredi li t ap fè pou antrepriz enèji elektrik SOGENER nan kad kontra 2 pati yo te siyen antre yo pou acha kouran elektrik.

Otorite ayisyen yo akize antrepriz SOGENER ke li fè EDH peye yon pri depase kouran elektrik li vann konpayi a. Avoka k ap defann leta mande antrepriz la pou l restitiye leta 123 milyon dola pou periòd soti 2007 pou rive 2015.

Mèt Danton Leger youn nan Avoka k ap defann antrepriz la konsidere demach otorite yo kòm yon pèsekisyon politik. Mèt Leger di antrepriz la espere jwen yon solisyon ak leta ayisyen.

XS
SM
MD
LG