Accessibility links

Breaking News

Legliz Anglikan Derefize Apwouve Maryaj Omoseksyèl


Foto Achiv: Achevek Canterbury Justin Welby mache nan Westminster, Lond, 14 Septanm 2022.
Foto Achiv: Achevek Canterbury Justin Welby mache nan Westminster, Lond, 14 Septanm 2022.

Legliz Anglikan nan deklare li pral akòde benediksyon pou maryaj moun menm sèks pou premye fwa.

Sepandan koup menm sèks yo pap gen pèmisyon marye nan legliz li yo. Desizyon an pran apre 5 ane konsiltasyon sou pozisyon legliz la dwe adopte sou kestyon seksyalite a.

Obsèvatè yo atann yo aske yo diskite sou kestyon an pandan asanble nasyonal legliz la mwa pwochen an.

Dapre plan ki sou tab la, koup menm sèks yo ta gen dwa pou patisipe nan yon sèvis relije ak lapriyè epi dedikas, remèsiman oubyen benediksyon Bondye apre yo fin fè yon maryaj sivil oubyen anrejistre ofisyèlman yon patnèship sivil.

Sepandan, Legliz Anglikan nan mentni pozisyon li ke sakreman maryaj la se sèlman pou gason kap marye ak fanm e ke sa pap chanje.

XS
SM
MD
LG