Accessibility links

Breaking News

Izrayèl: Antant Sou Diskriminasyon kont Masisi ak Madivin Sou Baz Relijyon


General elections in Israel
General elections in Israel

Gouvènman liy-du Benjamin Netanyahu ki pwal moute nan Israel la mete, jodi mèkredi a, pwolonjman koloni pèpleman nan Sisjòdani okipe nan tèt lis priyorite li, kote li sèmante pou li legalize dè douzèn kominote ki te bati ilegalman, e anekse yo, kidonk pran kòm teritwa Israel, nan kad antant ke koalisyon li a te fè ak alye iltra-nasyonalis li yo.

Antant koalisyon an, ke vin piblik yon jou anvan gouvènman an prete sèman, gen ladann tou pawòl ki apiye diskriminasyon kont moun LGBTQ yo sou baz relijyon, ak gwo èd lajan pou mesye iltra-òtodòks ki pito etidye olye yo travay.

Antant sa a poze baz pou sa ke moun atann ki ka yon koumansman an boulvès pou gouvènman Netanyahu a e ki ka mete li dozado ak kèk gwo pati nan piblik Israèl la ak alye ki pi pwòch li yo nan lòt peyi.

Plan yo a prevwa devlope koloni pèpleman antwòt nan Jude ak Samari, ki se non biblik pou Sisjòdani.

XS
SM
MD
LG