Accessibility links

Breaking News

Izrayèl: Palman an pase Yon Pwojè-Lwa ki Pèmèt Nenpòt Moun ki Anba Kondanasyon Pou Zak ke li te Poze Ka Sèvi Kòm Minis

베냐민 네타냐후 이스라엘 리쿠드당 대표가 정부 구성권을 이어받은 뒤 연설하고 있다. (자료사진)
베냐민 네타냐후 이스라엘 리쿠드당 대표가 정부 구성권을 이어받은 뒤 연설하고 있다. (자료사진)

Palman Izrayèl la pase madi yon pwojè-lwa ki soulve gwo pawòl-anpil e ki pare teren pou Benjamin Netanyahu ki renmen batay, retounen kòm premye-minis.

Apre li fin genyen eleksyon Premye Novanm pase a, Netanyahu te jwenn yon manda nan men li pou li fòme yon gouvènman ki gen sipò pati juif iltra-òtodòks yo ak yon blòk estrèm-dwat.

Netanyahu pwal prezante devan palman an jedi sa kèk analis di ki pwal gouvènman ki plis zèl-dwat nan istwa Israel.

Madi 27 Desanm, palmantè yo pase yon pwojè-lwa ki kounyea pèmèt nenpòt moun ki anba kondanasyon pou zak ke li te poze, men ki pako jwenn santans prizon, ap ka sèvi kòm minis.

This item is part of
XS
SM
MD
LG