Accessibility links

Breaking News

Larisi: Prezidan an Pwomèt Pou l Pote Refòm Politik


Prezidan Ris la Dmitry Medvedev
Prezidan Ris la Dmitry Medvedev

Prezidan ris la, Dmitri Medvedev, pwomèt pou l pote refòm politik nan Larisi nan kad manifestasyon ki dewoule nan peyi a sa pa gen lontan.

Sitwayen ris yo te pran lari pou pwoteste kont iregilarite nan dènye eleksyon palmantè yo.

Nan diskou mesye Medvedev pwononse sou eta inyon an, li pwopoze pou l rann pi fasil pwosesis enskripsyon pati politik yo ak kandida prezidansyèl yo.

Li di tou li apiye yon pwopozisyon Premye Minis Vladimir Putin ap anvizaje. Pwopozisyon sa a pral pèmèt pèp la eli gouvènè ris yo dirèkteman lè Kremlin an va finn apwouve kandida yo.

Akizasyon kòmkwa ta genyen gwo magouy nan eleksyon palmantè 4 desanm pase a te debouche sou gwo manifestasyon an mas sou lobedyans opozisyon an.

XS
SM
MD
LG