Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Jounen Mondyal Laprès la - Onè-Respè pou 26 Jounalis Fanm ann Ayiti


Nan Peyi Tayland, nan okazyon selebrasyon Jounen Mondyal Laprès la, mekredi 3 me 2018 la, jounalis yo bay yon konferans pou laprès kote yo denonse yon pwojè-lwa ki ta kreye yon komisyon pou kontwole travay jounal ekri yo ak medya an liyn yo.
Nan Peyi Tayland, nan okazyon selebrasyon Jounen Mondyal Laprès la, mekredi 3 me 2018 la, jounalis yo bay yon konferans pou laprès kote yo denonse yon pwojè-lwa ki ta kreye yon komisyon pou kontwole travay jounal ekri yo ak medya an liyn yo.

Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Laprès la, yon gwoup òganizasyon k ap defann libète lapawòl atire atansyon sou defi jounalis ap konfwonte Ozetazini. Gwoup la pibliye yon rapò ki site yon seri de menas k ap peze dou yon moun si l chwazi travay kòm jounalis; pami yo gen pèsekisyon kont moun ki denons zak ilegal, restriksyon gouvènman an mete sou sikilasyon enfòmasyon piblik, avilisman jounalis sibi anba men politisyen, atak fizik ak arestasyon ilegal.

Thomas Hughes se direktè youn nan òganizasyon yo ki rele Atik 19. Nan okazyon 3 me 2018 la, li deklare:

"Li bon pou n leve kanpe kont ogmantasyon ak ranfòsman menas kont laprès Ozetazini nan 2 zou 3 ane ki pase yo. Non sèlman menas sa yo gen move konsekans sou ekzèsis libète lapawòl Ozetazini, men yo gen konsekans tou anpil lòt kote nan lemond."

Yon fanm ki gen yon pannkat nan men li nan okazyon yon defile pou selebre Jounen Mondyal Laprès la, nan Caracas, Venezuela. Pannkat la di: "Yon pèp gen dwa egzije yon près lib" (agoch) epi "Laprès se vwa nou. Ann defann jounalis yo."
Yon fanm ki gen yon pannkat nan men li nan okazyon yon defile pou selebre Jounen Mondyal Laprès la, nan Caracas, Venezuela. Pannkat la di: "Yon pèp gen dwa egzije yon près lib" (agoch) epi "Laprès se vwa nou. Ann defann jounalis yo."

Atik 19 pote kle ak lòt òganizasyon tankou Komite pou Poteksyon Jounalis, Echanj Entènasyonal pou Libète d Ekspresyoyn, Estiti Entènasyonal de Laprès, Endèks sou Baboukèt kont Laprès, ak Repòtè san Fwontyè pou l te fè entèvyou avèk divès jounalis ameriken.

Organizasyon Artik 19-la pote kole ak komite pou pwoteksyon jounalism Echanj entènasyonal pou libète dekspresyon, endis pou sansur jounalist ak reportè san fwontyè pou entèviouve jounalis ameriken. Malgre tout pwoblèm sa yo, Lèzetazini se yon peyi kote travayè laprès jwi plis libète daksyon pase anpil lot kote sou planèt-la.

Pandanstan, nouvo Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo renouvle angajman Lèzetazini pran pou li pwoteje epi fè pwomosyon pou yon près lib ki, dapre li, reprezante yon potokwen esansyèl yon demokrasi. Misye Pompeo ajoute:

<< Lèzetazini bay Libète Laprès anpil enpòtans, paske sa jwe yon gwo wòl nan yon gouvènans demokratik. Lè nou ankouraje yon près lib, sa pèmèt sitwayen yo jwenn enfòmasyon pi byen epi gen yon pi gwo patisyon nan priz desizyon politik peyi a; konsa laprès fè gouvènman pran responsablite pou aksyon li poze. >>

Nan Peyi d Ayiti, nan okazyon Jounen Entènasyonal Laprès la 3 òganizasyon laprès: HPN (Haiti Press Network--, Sendika Jounalis ak Repotè Laprès Ayisyen, avèk Media Communication Project) onore 26 fanm jounalis pou travay yo reyalize nan yon metye gason te domine tradisyonèlman. Se avek gwo plezi nap di ke youn nan jounalis sa yo se kolaboratris nou Marie Luce Pierre.

XS
SM
MD
LG