Bato de gè chinwa, ki gen nan tèt li yo premye pòt-avyon peyi a, Liaoning, Inyon Sovyetik te fabrike, te navige sou lanmè pase bò kote Taiwann e antre nan Lanmè Sid Lachin semèn sa a. Sete yon mouvman ki te atire atansyon ni Taiwann ni Japon, ki t ap obsève gwoup 6 bato yo.
“Lachin ap devlope yon kapasite militè kòm yon puisans nan rejyon an”, se pawòl Brad Glosserman, analis sou kesyon sekirite nan Fowòm Pasifik la.
Glosserman pale pou l di ke posede yon pòt avyon, sa antre nan kad pwogrè sa a.