Accessibility links

Breaking News

La Risi Akize Ikrèn Ankò Deske Lap Pare yon Atak Zam Chimik


Anbasade La Risi, Vasily Nebenzya pale nan fen yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzini an nan Nouyok, Vandredi 18 Mas, 2022.
Anbasade La Risi, Vasily Nebenzya pale nan fen yon rankont Konsey Sekirite Nasyonzini an nan Nouyok, Vandredi 18 Mas, 2022.

Pou twazyèm fwa, La Risi akize Ikrèn dèske lap prepare yon atak ak zam chimik ak asistans l'Oksidan e ke lap pousuiv zam byolojik e menm nikleyè. Etazini ak Angletè demanti akizasyon sa a ak tout fòs yo.

Anbasadè Etazini nan LONU, Linda Thomas-Greenfield eksprime kè sote li Madi dèske "akizasyon moun fou" La Risi yo kom kwa Ikrèn gen entansyon sèvi ak zam chimik se "yon prelid" entansyon La Risi genyen pou'l sèvi ak zam chimik - e fòk nou asire le mond tande e konprann sakap pase la a."

Anbasadè adjwen Ris la Dmitry Polyansky di jounalis yo ke La Risi soulve "menas pwovokasyon zam chimik nan Ikrèn" pandan konsiltasyon dèyè pòt fèmen Konsèy Sekirite LONU an te fè sou Mwayèn Oryan an Madi. Li deklare se nasyonalis Ikrenyen yo ki responsab pou yon fwit amyonak nan yon santral chimik sa pa gen lontan, nan vil Sumy nan nò peyi a. Gouvènè rejyonal Sumy a di fwit nan santral la, ki pwodwi angrè, te devlope apre yon atak Ris.

Polyansky deklare se youn pami plizyè senaryo "fo pwovokasyon radikal Ikrenyen yo ap fè pou pare teren an pou asistans ajan ransèyman Oksidantal yo ak konpayi militè prive yo pou akize La Risi dèske lap sèvi ak zam chimik." Li lanse akizasyon yon lòt fwa ankò tou pou di "rejim Kyèv la" ap devlope "yon pwogram zam byolojik militè ak asistans Etazini, pandan lap pousuiv zam nikleyè."

Prezidan Joe Biden di sigjestyon La Risi fè pou di Ikrèn gen zam chimik se yon siy ki montre klèman Prezidan Vladimir Putin konsidere sèvi avè yo e li lanse yon pinga pou di ap gen konsekans sevè si li fè sa vreman vre.

XS
SM
MD
LG