Accessibility links

Breaking News

Ikrèn Mande La Risi Kite Asistans Imanitè Antre Mariupol


Imaj satelit sa a ke Maxar Technologies pran Lendi 21 Mas 2022 montre sant Dramatik Mariupol la (anwo fe mitan an) ak zon alantou li ki andomaje nan Mariupol, Ikren.
Imaj satelit sa a ke Maxar Technologies pran Lendi 21 Mas 2022 montre sant Dramatik Mariupol la (anwo fe mitan an) ak zon alantou li ki andomaje nan Mariupol, Ikren.

Ikrèn mande Madi pou La Risi pèmèt asistans imanitè antre nan Mariupol epi kite sivil yo kite vil estratejik la, kap fè fas ak bonbadman Ris depi envazyon an te tanmen sa gen yon mwad desa.

"Nap mande ouvèti korido imanitè pou sivil yo," Premye Minis Adjwen Iryna Vereshchuk deklare Madi sou televizyon Ikrenyèn.

Apèl la lanse yon jou apre Ikrèn te rejte iltimatom La Risi pou sede ba li vil la ki sitye nan sidès peyi a anvan solèy leve Lendi, kom kondisyon pou sivil yo pati kite vil la sen e sof.

Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy deklare nan yon diskou sou videyo devan palman Italyen an Madi, "Pa gen okenn bagay ki rete" nan Mariupol.

Nan yon deklarasyon li fè Madi, yon responsab Mercy Corps nan Ikrèn di sistèm imanitè peyi a konplètman efondre.

"Reyalite a se ke kounyea sistèm imanitè a ankiloze," Steve Gordon, konseye oganizasyon an sou repons imanitè deklare.

Gordon di pi fo vil peyi a ap fè fas ak batay fewos e "yo pa gen plis pase 3-4 jou pwodwi premye nesesite tankou manje."

Vereschuk di twoup Ris yo ap anpeche pwovizyon imanitè rive jwenn sivil yo nan vil Kherson nan sid la ke La Risi okipe, men li pa bay okenn lot detay.

La Risi demanti li mele nan plizyè tantativ ki echwe pou louvri yon korido pou sivil ki vle kite Mariupol an sekirite ni ke li vize sivil yo.

XS
SM
MD
LG