Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Anonse Nouvo Sanksyon Kont La Risi Jedi


Konseye Lamezonblanch sou Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan pale pandan yon rakont ak lapres nan Lamezonblanch, 11 Fevriye 2022.
Konseye Lamezonblanch sou Sekirite Nasyonal, Jake Sullivan pale pandan yon rakont ak lapres nan Lamezonblanch, 11 Fevriye 2022.

Prezidan Joe Biden gen entansyon anonse nouvo sanksyon kont La Risi Jedi pandan li nan Brussels pou rankont ak lidè LOTAN ak alye Ewopeyen yo, dapre yon konseye wo plase kap travay sou zafè sekirite nasyonal.

Biden, ki pral pran pa nan yon rankont espesyal LOTAN epi pwononse yon diskou nan rankont o somè Konsèy Ewopeyen an, pral souliyen an menm tan jefò pou ranfòse lavalas sanksyon ki deja egziste yo ke Etazini ak alye yo pran kont La Risi.

"Li pral pote kole ak patnè nou yo pou enpoze lot sanksyon kont La Risi epi ranfòse sanksyon ki egziste deja yo pou sere boulon moun kap ede yo eskive sanksyon sa yo epi koze mezi ranfòsman yo," konseye Lamezonblanch Jake Sullian deklare. Li pat vle bay okenn lòt detay sou nouvo sanksyon prezidan an pral anonse yo.

Biden ap vwayaje nan Brussels ak Polòy - ki resevwa plis pase 2 milyon refije Ikrenyen ki kouri kite peyi yo apre envazyon La Risi a 24 Fevriye pase a. Li pral mande alye yo kontinye travay ansanm nan moman La Risi ap pouse pou pi devan ak envazyon brital li nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG