Accessibility links

Breaking News

La Jistis Espayòl Mande yon Santans Prizon 8 an pou Shakira


Foto Achiv: Atis Shakira reponn kestyon jounalis yo pandan yon konferans de pres.
Foto Achiv: Atis Shakira reponn kestyon jounalis yo pandan yon konferans de pres.

Avoka gouvènman Espay yo di yo pral mande tribinal la kondane vedèt pòp Kolonbyèn Shakira pou'l pase 8 an ak 2 mwa nan prizon, si yo jwenn ni koupab de fwod nan enpo.

La jistis akize Shakira - vre non li se Isabel Mebarak Ripoll - dèske li pat peye 14,5 milyon ewo ($15 milyon) enpo ant ane 2012 ak 2014.

Avoka akizasyon yo di yo pral mande tou pou'l peye yon amann 24 milyon ewo ($24 milyon).

Shakira rejte semèn sa a of avoka akizasyon yo te fè'l pou rezoud ka a olye li ale nan tribinal.

Piblisis li akize Vandredi Ajans Enpo Espay la dèske li vyole dwa chantez la e yo di Shakira "toujou kowopere e respekte lwa peyi a."

XS
SM
MD
LG