Rezolisyon an eksprime gwo kè sote l'OEA genyen pou sityasyon politik, ekonomik, sekirite, sosyal ak imanitè a ann Ayiti kap vinn pi grav chak jou e ki gen yon konsekans grav sou stabilite rejyon an.
Rezolisyon an ankouraje Gouvenman Ayisyen an pou'l pwoteje byenèt pèp la epi ankouraje tout pati konsene yo pou yo patisipe nan yon diyalog "serye ak enkluzif" pou jwenn solisyon ki reponn bezwen pep Ayisyen an.
Rezolisyon an re-afime ke nempot ki solisyon pou kriz Ayiti a, ki gen plizye dimansyon mande jefo tout pati konsene yo - gouvenman, opozisyon, sosyete sivil, sektè prive, sektè relije.
Rezolisyon an lanse apèl bay peyi manm L'OEA yo ak kominote entènasyonal la pou kontinye apiye otorite Ayisyen yo nan jefo yap fe pou retabli sekirite, konbat enpinite, defann dwa moun epi ede prepare eleksyon ki li, onèt ak transparan e ki va gen obsevatè entènasyonal kap veye.
Resolisyon an pale de ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la. Li mande tout peyi manm yo kowopere ak ankèt la.
Pou fini, rezolisyon an mande L'OEA diskite ak yon sans ijans, sityasyon aktyèl peyi d'Ayiti a.
VOA Kreyol eseye kontakte Reprezantan Ayiti nan l'OEA pou komante sou rezolisyon sa a, san siksè.