Accessibility links

Breaking News

L'OEA Kondane Eleksyon Nicaragua a


Konferans pou lapres nan fen asanble jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, l'OEA, 12 Nov. 2021.
Konferans pou lapres nan fen asanble jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo, l'OEA, 12 Nov. 2021.

Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) adopte Vandredi, yon rezolisyon ki kritike eleksyon prezidansyèl ki sot dewoule Nikaragwa a. Rezolisyon an di viktwa elektoral Daniel Ortega ranpòte a pa jis e li mande aksyon nan lavni.

Ortega ranpòte yon 4èm manda youn apre lòt Dimanch apre li te fèmen nan prizon, tout rival politik li yo anvan vòt la. Prezidan Etazuni Joe Biden dekri eleksyon Nikaragwa a kòm "maskarad ki pat lib, ni jis e sètènman pa demokratik."

XS
SM
MD
LG