Accessibility links

Breaking News

'Bagay yo Difisil' Reprezantan Antigua ak Barbuda nan l'OEA Deklare


Sir Ronald Sanders, Anbasade zile Antigua ak Barbuda nan Oganizasyon Eta Ameriken yo, l'OEA nan Washington, 11 Nov. 2021.
Sir Ronald Sanders, Anbasade zile Antigua ak Barbuda nan Oganizasyon Eta Ameriken yo, l'OEA nan Washington, 11 Nov. 2021.

Sir Ronald Sanders, Anbasadè zile Antigua ak Barbuda deklare pandan yon diskou devan Premye Sesyon Plenè Asanble Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo ke ti peyi yo gen pwoblèm.

"Nou tout ap lite, e poko janm gen yon moman nan istwa konteporen mond lan kote te gen yon pi gwo bezwen pou solidarite, pou kowoperasyon ak kolaborasyon," anbasadè Sanders deklare.

Li di fas ak sikonstans "ekstrèman difisil" ki prezante yo, l'OEA paka pouse pou pi devan tankou si tout bagay te anfom. Misye di fok yo pran an konsidwerasyon enpak restriksyon finansye pandemi COVID-19 la koze peyi tankou pa'l.

"Nou pap mande èd paske nou kwè nou merite charite e ke peyi yo dwe banou lajan. Nap mande sa paske si nou pa reprann nou de sikonstans ekonomik ki an fas nou kounyea, li pral trè difisil pou nou mentni enstitisyon demokratik nou pran angajman pou defann yo.

"Deteryorasyon ekonomik debouche sou plis mizè. Lè gen plis moun nan lamizè chomaj ogmante. E sa debouche sou yon ogmantasyon nan krim," anbasadè a deklare. Li ajoute ke sityasyon tèt chaje sa a taka lakoz yon ogmantasyon nan krim oganize, blanchisman lajan, trafik dwog ak tout lot menas le mond ap viv kounyea.

Sir Ronald Sanders lanse avètisman pou di pou premye fwa nan istwa peyi li, moun ap kouri kite zile yo pou rezon ekonomik. Misye blame sityasyon ekonomik la.

"Nou konstate refuje kap soti nan peyi ki potko janm gen refije nan pase a. Peyi tankou pa'm kote moun yo poko janm kouri kite pou rezon ekonomik. Men bagay yo difisil," Sir Sanders deklare.

Anbasade a di tout peyi manm l'OEA yo gen obligasyon pou yo eseye sispann migrasyon ilegal ak pwoblèm ki nan baz vag migrasyon sa a.

Reprezantan Costa Rica mande pou yo diskite sou sityasyon Ayiti pandan rankont la. Repiblik Dominikenn te apiye demann sa a, ke Prezidan Asanble a, Anbasadè Guatemala te apwouve.

Pi bonè nan jounen an, 8 peyi te prezante yon pwojè rezolisyon devan asanble jeneral la pa rapo ak eleksyon ki sot dewoule nan Nicaragua. Yo mande pou l'OEA pa rekonet rezilta eleksyon sa a, ke Daniel Ortega deklare li ranpote, epi pou evalye sityasyon an nan peyi sa a. Nan gwoup peyi ki siyen pwoje rezolisyon sa a gen Canada, Costa Rica, Chile, Ekwatè, Etazuni, Republik Dominikèn ak Urugwe. Pou'l apwouve fok 18 pami 34 peyi manm yo vote wi.

Jounalis sèvis Espayol VOA a, Alejandra Arredondo ak Tomas Guevara kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG