Rebèl libyen k ap batay ak fòs ki fidèl ak Moammar Kadhafi, yon nan kouri vandredi 11 mas la apre yo fin sibi kèk gwo defèt nan tout peyi a.
Rebèl yo kite pò Ras Lanuf nan lès peyi-a kote Libi konn ekspedye petwòl, e yo kenbe sèlman kèk pòch rezistans pou batay pou vil la ki soti anba men yo.
Rebèl yo fè konnen fòs ki pou Gadhafi yo te atake nan lè, sou tè e nan lanmè pou yo pran kontwol zòn nan.
Jedi 10 mas 2011 la, chèf rebèl yo te rekonèt ke vil Zawiya nan lwès peyi a, toupre kapital la Tripoli, retounen anba men fòs ki fidèl ak gouvènman an apre fòs sa yo te pase kèk jou ap tann.
Men malgre defèt sa yo sou chann batay la, rebèl yo nan vil Benghazi ki anba kontwòl yo selebre ke Lafrans rekonèt administrasyon opozisyon an.
Plizyè santèn sipòtè te pran lari e pote pannkat ki chante lwanj Lafrans e remèsie l poutèt li rekonèt nouvo konsèy gouvènman pwovizwa yo a kòm reprezantan pèp libyen an.