Nan Washington Dokte Anthny Fauci -direktè Enstiti Nasyonal Sante ak Maladi Enfektyez (NIH), ki se an menm tan youn nan pi gwo espesyalis nan kesyon kowonaviris nan peyi a, lanse yon avètisman jedi 30 avril la pou l di atansyon! Pinga otorite yo prese relouvri peyi a twò vit, paske sa kapab pèmèt pandemi kowonaviris la repran fòs.
Nan moman gouvenè anpil eta ameriken ap fè plan pou yo relouvri ekonomi yo, Doktè Fauchi ba yo konsèy pou yo ale dousman avèk plan sa a si yo pa gen kapasite pou yo remonte filyè a pou yo konnen moun ki te pran kontak avèk nenpòt ki nouvo malad pou yo izole moun sa a epi trete l kòmsadwa.
Pandan direktè NIH la t ap pale sou chèn televizyon NBC-pi presizeman nan yon pwogram nouvèl maten ki rele “Today”, li deklare:
“Ou pa kapab janbe e sote etap yo anvan lè nan twò prese epi w al tonbe nan yon sitiyasyon kote se rekòmanse ou pral rekomanse reyaji devan menm reyalite ki te la anvan an. Se sa ki ban m gwo kèsote a. Men mwen espere gouvènè yo pa pral fè sa.”
Depi kèk jou deja gouvènè anpil nan 50 eta ameriken yo pa sispann di restoran, boutik ak magzen yo, salon de bote kote medamm yo fe cheve yo ak zong yo, club kote moun al jwe pingpong, balling, lòt kalte jwèt plis lòt tip biznis pral kapab relouvri pòt yo si yo vle.
Nan moman mwa davril la ap pran fen pou nou debouche sou mwad me a vandredi semèn sa a, Prezidan Donald Trump fe konnen l ap mete fen nan lòd gouvènman federal la te pase pou sitwayen yo rete lakay epi, si yo te genyen yon rezon valab pou yo te sòti, se pou yo te obsève yon distans omwen 2 mèt oubyen 6 pye)pa rapò ak moun ki bò kote yo. Prezidan an, ki t ap pale ak jounalis mekredi 29 avril la, deklare:
“Lòd sa a pa p an aplikasyon ankò, paske kounyela a se gouvènè yo ki pral jere dosye sa a.”