Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm nan Sètifye Desizyon ki Mete Fen nan Politik Trump sou Fwontyè a


Migran jwe nan yon pak kote yo domi nan Ciudad Acuna, Meksik, 30 Me, 2022.
Migran jwe nan yon pak kote yo domi nan Ciudad Acuna, Meksik, 30 Me, 2022.

Kou Siprèm Etazini sètifye desizyon li te pran sa gen yon mwa desa, ki pèmèt administrasyon Biden nan pou mete fen nan yon politik poto-mitan gouvènman Trump la ki egzije moun kap mande azil rete tann Meksik jiskaske tribinal imigrasyon rele yo.

Sete yon politik "pro-forma" ki te soulve anpil atansyon malgre Lamezonblanch pat di krik sou ni kilè, ni kijan, ni menm si li gen entansyon demantibile politik sa a.

Dokiman tribinal la pibliye montre jij yo vote 5-4 an favè desizyon administrasyon an te pran pou'l bay politik "Rete Meksik" la vag. Desizyon Kou Siprèm nan ranvèse desizyon yon tribinal ki gen mwens pouvwa te pran pou bloke desizyon administrasyon an nan mwad Desanm nan.

Administrasyon Biden nan poko fè okenn kòmantè sou sa.

XS
SM
MD
LG