Nan Kot-Divwa, pezidan eli a, Alassane Ouattara, fè konnen li pral mande minis jistis li a kòmanse fòmalite legal yo kont ansyen prezidan Laurent Gbagbo.
Nan yon mesaj misye Ouattara mete devan nasyon an byen ta lendi 11 avril 2011 la –mesaj ki pase nan televizyon atravè tout peyi a-- li deklare se yon epòk tou nèf ki kòmanse pou Kot Divwa.
Li lanse apèl bay pèp la pou mande l rete kalm, yon fason pou lapè kapab retounen totalman nan peyi a.