Accessibility links

Breaking News

Kot Divwa: Batay la ap Kontinye Pou Retire Prezidan Gbagbo sou Pouvwa a


dife ak lafimen nan kan militè Akouedo ki nan Abidjan nan dat 4 avril la aprè avyon Nasyonzini tire sou twoup militè Gbagbo yo
dife ak lafimen nan kan militè Akouedo ki nan Abidjan nan dat 4 avril la aprè avyon Nasyonzini tire sou twoup militè Gbagbo yo

Nan Kot Divwa, batay la ap kontinye madi 5 avril 2011 la nan moman gwo zam lou ap tire tou prè palè prezidansyèl la, nan Abidjan.

Fòs ki apiye prezidan ke komunote entènasyonal la rekonèt, Alasasne Ouattara ap vanse nan direksyon kèk zòn ki toujou rete anba men prezidan sòtan an, Laurent Gbagbo pandan y ap chache dechouke lidè a.

Misyon Nasyonzini nan Kot Divwa a di lendi 4 avril la elikoptè L'ONU te tire sou 2 kan lame Gbagbo a te tire sou palè prezidansyèl la ak rezidans Mesye Gbagbo.

Lafrans fè konnen sòlda l yo te patisipe nan atak la sou demand Nasyonzini. Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy te bay sòlda fransè yo lòd pou yo pwoteje sivil yo e etire gwo zam lou Mesye Gbagbo yo.

XS
SM
MD
LG