Accessibility links

Breaking News

Rapwochman Sere-Sere ant Kore di Nò ak Kore di Sid


Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un (adwat), ki t ap resevwa Chung Eui-yong, chèf sekirite palè prezidansyèl Kore di Sid la. (Foto: REUTERS, Pyongyang, Kore di Nò, 6 mas 2018).
Lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un (adwat), ki t ap resevwa Chung Eui-yong, chèf sekirite palè prezidansyèl Kore di Sid la. (Foto: REUTERS, Pyongyang, Kore di Nò, 6 mas 2018).

Nan Kore di Sid, Prezidan Moon Jae-in deklare nan jounen madi 6 mas 2016 la peyi li dwe kontinye dyalòg li kòmanse ak Kore di Nò a; men an menm tan tou li ensiste sou sa li konsidere kòm yon nesesite pou Kore di Sid prepare l pou l fè fas ak tout menas nikleyè ou atak ak misil ki ta ka soti bò kote vwazen ki nan nò a. Misye Moon pale konsa pandan li t ap patisipe nan yon seremoni remiz diplòm nan Akademi Militè Kore di Sid la.

Prezidan sid-koreyeen an di li voye yon delegasyon nan Pyongyang pou kore efò lap fè pou l bese tansyon an ant 2 peyi yo. Laprès pa konnen egzatteman tèm diskisyon ki dewoule ant lidè Kore di Nò a, Kim Jung-un, avèk delege ofisyèl sid-koreyen yo nan yon dine plis lòt rankont yo te genyen; sepandan yon jounalis radyo leta nan Pyongyang di tou lè 2 pati yo satisfè deske yo rive siyen yon akò.

Aprè vizit 2 anvwaye Kore di Sid yo nan Pyongyang, yo genyen pou yo vwayaje Ozetazini pou yo mete otorite Washington yo o-kouran sa ki te di, sa ki te fèt pandan vizit yo nan Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG