Kore Dinò fè tès nan sak sanble ak yon misil balistik moun ka lanse apati yon bato sou-maren, e sa reprezante yon gwo pwogrè nan pwogram zam nikleyè Pyongyang nan e yon gwo pwovokasyon, swa kèk jou sèlman anvan rejim Kim Jong Un nan rekòmanse fè chita pale nikleyè ak Etazini.
Responsab militè nan Kore Disid di li byen posib ke missil sa a se tip zam Bukeukkeseong . Pyonyang fè tès misil sa a byen bonè mèkredi 2 oktòb la toupre vil Wonsan ki nan pwovens Gangwon.
Daprè Sewoul, misil sa a te vwayaje sou yon distans 450 kilomèt, e li te atenn yon wotè 910 kilomèt.