Accessibility links

Breaking News

Yon Wo Reponsab Nò Koreyen Pral Rankontre ak Sekretè Deta Mike Pompeo nan New York


Foto konbinezon: Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, nan Washington, agoch, Lidè nò koreyen an Kim Jong Un, nan mitan, nan Pyongyang, Prezidan ameriken an, Donald Trump nan Palm Beach, Florid.
Foto konbinezon: Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, nan Washington, agoch, Lidè nò koreyen an Kim Jong Un, nan mitan, nan Pyongyang, Prezidan ameriken an, Donald Trump nan Palm Beach, Florid.

Prezidan Donald Trump konfime nouvèl kòmkwa yon gwo responsab nò koreyen gen pou l vizite vil New York nan kad yon chita-pale ki makònen ak somè kap planifye ant limenm ak lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Mesye Trump ekri sou kont Twitter li pou l di: "Lidè adjwen rejim Pyongyang nan Kim Young Chol, sou wout New York kounye a."

Kòk èdtan anvan sa, nouvèl yo te fè konnen vis-prezidan pati ki sou pouvwa a nan Kore di Nò e ansyen direktè sèvis ransèyman militè peyi azyatik la, an palan de Kim Yong Chol te twouve l nan ayewopò entènasyonal Peken an, kapital Lachinn.

Ajans nouvèl Kore di Sid YONHAP fè konnen mesye Kim gen pou l ateri nan New York demen mèkredi 30 me 2018 la.

XS
SM
MD
LG