Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Di "Gen Pwogrè nan Pwosesis Denikleyarizasyon Kore di Nò a "

Konbinezon foto sa a montre Prezidan Donald Trump, agoch, ki t ap pale nan La Mezon Blanch, nan Washington, nan dat 26 fev. 2018, epi lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, pandan li t ap asiste kongrè pati ki sou pouvwa a nan peyi li nan dat 9 me 2016. (Foto: AP/Evan Vucci, Wong Maye-E, Dosye).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare li kontan anpil pou jan li wè gwo pwogrè ap fèt nan negosyasyon k ap dewoule avèk Kore di Nò pou mete fen nan pwogram zam nikleyè peyi sa a.

Depi kèk jou deja, anpil ajans nouvèl ak rezo enfòmasyon Ozetazini ap pale de sa yo konsidere kom “reyalite a nan koulis nan La Mezon Blanch” kote Prezidan Donald Trump ta pale ak pwòch kolaboratè li yo pou l di yo kijan li pa kontan ak le fèt ke se lanteman, se tou dousman negosyasyon pou mete fen nan pwogram nikleyè nò-koreyen an ap mache.

Yon òganizasyon militan nò-koreyen ki baze Ozetazini e ki rele Nò-38, fè konnen imaj satellit anrejistre sa pa gen lontan montre gen kèk jou deja depi Kore di Nò ap demonte prensipal enstalasyon nikleyè li genyen nan vil SoHayé, sou kòt nò-dwès peyi a. Daprè yon analis k ap travay pou gwoup Nò-38 la, aksyon otorite yo nan Pyongyang poze a se yon gwo pa an avan sou wout reyalizasyon angaiman lidè nò-koreyen an, Kim Jong oun, te pran pandan somè li avèk Prezidan Trump nan Sengapou nan mitan mwa jen 2018 la. Sepandan angajman sa a pa gen yon mo ladan n ki ta presize kijan e ki kote Kore di Nò pral elimine pwogram zam nikleyè l la, ni kilè non plis li pral kanpe operasyon yo nan izin nikleyè li posede a a.

Prezidan Donald Trump ki te fèk rive nan vil Kansas City, Eta Missouri, nan mitan jounen madi 24 jiyè 2018 la. La li pale ak yon foul moun ki tre reyini pou yon meeting de mas kote li mete aksan, antwòt, sou "pwogrè k ap fèt" aprè antant li te jwenn avèk lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un.

Byen bonè lendi 23 jiye 2018 la a, Prezidan Trump te ekri sou kont Twitter li:

<< Depi 9 mwa Kore di Nò pa lanse menm yon fize; se konsa tou peyi a pa fè menm yon grenn tès nikleyè pandan peryòd la. Sitiyasyon sa a bay Japon anpil kè-kontan; se yon bagay ki simen lajwa nan kè tout kontinan azyatik la. Men, kanta pou medya k ap bay "fo nouvèl yo", san yo pa menm konsilte m, san yo pa poze pèsonn kesyon pou konnen si m kontan ou pa kontan yo kouri di mwen pa kontan paske negosyasyon yo pa p mache vit ase. E byen! kite m di nou: Yo twonpe yo grandman. >>

Nan menm jounen lendi 23 jiyè a Prezidan Trump te fè konnen si finalman, lè finalman denikleyarizasyon Preskil Kore a va fin reyalize nèt, pwosesis la pral pote bon jan benefis ak yon avni kap bèl onnpepli pou Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG