Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse yon Lòt Misil, daprè yon Sous Militè nan Kore di Sid

Imaj sa a, medya nan Kore di Nò, KRT, pibliye montre kamyon kap defile nan yon parat militè ak gwo misil sou do yo, sou plas ki pote non Kim II Sung Square nan kapital Kore di Nò a, Pyongyang, 15 avril 2017.

La mezon Blanch fè konnen, nan apre midi vandredi 28 avril 2017 la, yo te anonse prezidan Ameriken an Donald Trump ke Kore di Nò fèk lanse yon lòt misil men ki echwe.

Lòt nouvèl biwo laprès Mezon Blanch la pibliye fè konnen administrasyon Donald Trump la te gen enfòmasyon sou lansman misil Kore di Nò a.

Yonhap, yon ajans nouvèl nan Kore di Sid mensyone, Kore di Nò lanse yon misil balistik ki sòti nan yon rejyon ki nan nò Pyongyang, kapital peyi nò koreyen an.

Yonhap ki site yon deklarasyon lame Kore di Sid la fè e ke Ajans France Presse pibliye, ekri pou l di:

“Kore di Nò lanse yon misil non-idantifye a pati yon anplasman ki nan vwazinaj rejyon Bukchang, nan pwovens Pyongyang nan sid peyi a.”

Lansman misil la fèt byen bonè samdi 29 avril 2017 la, nan lè Kore di Nò. Okenn lòt detay pat disponib imedyatman.

XS
SM
MD
LG