Accessibility links

Breaking News

Kore Di Nò Ak Iran, Respektivman, Anba Kondanasyon ak Kritik G-8 la Nan Kanada


Lidè pi gwo nasyon endistriyèl yo kondane Kore di Nò poutèt li te koule yon bato de gè Kore di Sid e yo lanse apèl pou mande Iran respekte dwa kretyen-vivan.

Dirjan G-8 yo pibliye samdi yon kominike komen nan fen somè Muskoka a, nan nò Toronto, nan Kanada, sou ensidan bato sid-koreyen an.

Gwoup la kondane atak la ki te lakòz bato Kore Di Sid la, "Cheonan", koule nan komansman ane a. Gwoup 8 la repete tou apèl li te lanse pou mande lidè iranyen yo fè plis pou respekte libète lapawòl ak règleman lalwa.

Premye minis kanadyen an, Stephen Harper, ki te dirije somè a, di li pa janm patisipe nan yon rasanbleman konsa, kote lidè nasyonal yo ini fondamantalman nan "sans" deteminasyon yo.

Prezidan Etazini an, Barack Obama ak chanselye Almay la, Angela Merkel e prezidan fransè-a, Nicolas Sarkozy, se kèk nan dirijan ki te patisipe nan konvèsasyon Muskoka yo ke premye minis Kanada a, Stephen Harper, te dirije.

Misye Obama egzòte gouvènman peyi patisipan yo ankouraje kwasans ekonomi yo, tandiske dirijan ewopeyen yo (dirijan alman yo an premye) mete aksan sou responsablite fiskal ak rediksyon depans.

Misye Obama ak lòt chèf Deta e chèf gouvènman yo genyen kè sote pou yon twò gwo rediksyon depans pa vin mete yon “boulèt” nan kou ekonomi an.

XS
SM
MD
LG